Anne M. Gannon - Pèseptè taks, Palm Beach County
Akèy | Sant asistans | Plan sit yo | Djòb | Español | English
 

 

Anne M. Gannon - Pèseptè Taks Konstitisyonèl - Ap Sèvi Konte Palm Beach
Anne M Gannon

Chè zanmi,

Sezon Taks 2011 sou Kay fini men biwo mwen pa ralanti nan travay li.

Mwa me kòmanse sezon Taks ki anreta.  Avi piblik sou taks ki anreta ap nan reklam pou twa semèn swivi anvan lavant sètifika taks nan mwa jen.  Taks sou byen tanjib ki anreta ap nan reklam yon semèn anvan piblikasyon yon manda.  Kontribiyab yo gen jouk 31 me pou pote taks yo dwe ki anreta. Nou aksepte peman yo an lajan kach, trèt bankè, chèk sètifye, chèk postal, chèk labank, oswa transfè bankè nan lajan ameriken sèlman.   Nou pa aksepte chèk pèsonèl.

Taks 2011 sou Kay ki pa peye anvan 31 me 2012 prale nan Lavant Sètifika Taks 7 jen.  Lwa Florida egzije Pèseptè Taks yo pou fè lavant sètifika taks pou touche taks sou pwopriyete ki pa peye nan ane anvan.  Sètifika taks yo se yon privilèj sou taks sou byen imobilye ki anreta, epi yo espire setan ki vini apre dat ki sou yo.

Mwen gen bon nouvèl pou bay: 

  • Anplwaye nou yo te bay plis pase $11,000 pou Lord's Place kòm yon pati 2011Friday Dress Down for Charity.  Se twazyèm ane nou sipòte Lord's Place kòm pati don charite abiman dekontrakte semèn nou.  Lord's Place bay djòb, fòmasyon, ak yon kote pou viv pou sanzabri Konte Palm Beanch yo.
  • Biwo mwen te jwenn yon akò pou $42,176.63 avèk Circuit City.  Konpayi an te deklare fayit nan mwa novanm 2008. Akò a se rezilta batay dezan pou touche taks ki te anreta. Lajan sa a ap ede finanse ajan lapolis yo, ponpye yo, ak lòt sèvis enpòtan pou sitwayen konte a.
  • Chanm Komès Fanm yo te chwazi mwen pou pou Rekonpans 2012 Giraffe yo.  Yo akòde onè sa a pou fanm ki make yon diferans nan espas travay ak nan kominote a avèk pwojè, devouman, pèseverans, ak risk li pran.  Rekonpans Giraffe ale pou fanm ki "pare pou patisipe."  Lòt moun ki jwenn onè a ak mwen se otè entènasyonal Marilyn Murray Willison.

Èske ou te enskri non ou pou Plan Peman an Vèsman nan dat 30 avril? Si w te fè sa, chèche Avi Vèsman Jen ou mwa pwochen.   Si ou pa resevwa bòdwo anvan 2yèm semèn nan mwa jen, tanpri kontakte biwo nou pou yon kopi bòdwo a.  Ou enskri ofisyèlman nan Plan Peman an Vèsman lè nou resevwa premye peman an vèsman an nan dat 30 jen. Ou ka peye anliy, anpèsòn, oswa pa lapòs.

Si w gen kesyon konsènan taks anreta sou pwopriyete, lavant sètifika taks, oswa Vèsman ou an jen, tanpri kontakte Avoka Kliyan nou nan ClientAdvocate@taxcollectorpbc.com.

Pati mwen pi renmen nan me sèke nou onore manman yo, tant yo, grann yo, ak lòt fanm fò ki jwe wòl modèl.  Mwen swete ou ak manman ou Bòn Fèt Manman.

Avèk senserite,


Anne Gannon

Anne M. Gannon
Pèseptè Taks Konstitisyonèl

 

Fòm ak Dokiman pou Verifye
Sèvis Militè aktif yon Veteran

  • Fòm DD 214 nan nenpòt branch fòs lame (kopi 4 (kopi pou manm));
  • Fòm DD 215 nan nenpòt branch fòs lame;
  • Fòm DD 217 nan nenpòt branch fòs lame;
  • Fòm GSA 6954 nan Achiv Nasyonal;
  • Fòm NA 13038 nan Achiv Nasyonal;
  • Fòm NA 13041 nan Achiv Nasyonal;
  • Fòm NAVCG 2510 nan Gadkòt Etazini;
  • Fòm NAVMC 70-PD nan Kò Marin Etazini;
  • Fòm NAVMC 78-PD nan Kò Marin Etazini;
  • Fòm NAVPERS 553 nan Lamarin Etazini;
  • Fòm NAVPERS 554 nan Lamarin Etazini;
  • Fòm NAVPERS 660 nan Lamarin Etazini;
  • Fòm NAVPERS 661 nan Lamarin Etazini;
  • Fòm WD AGO 53-55 nan Fòs Lame Etazini;
  • Fòm WD AGO 53-98 nan Fòs Lame Etazini;
  • Fòm WD AGO 755 nan Fòs Lame Etazini;
  • Lèt Verifikasyon Sèvis nan Depatman Afè Veteran Etazini;
  • DD nan Kat ID Retrete Fòs Lame 2.

Gid 2012 Pou Sèvis

Tcheke Gid 2012 nou an pou Fèy Nuimerik Sèvis


Aksè avèk iPhone ak Blackberry



2012 Giraffe Award

Anne Gannon te onore poutèt "li patisipe" Chanm Fanm yo

2012 Giraffe Award



Akò Règleman $1.9M


Gade Akò Règleman $1.9 milyon dola avèk Konpayi Vwayaj anliy la a

Klike la a pou wè akò règleman an


Klike la a pou yon randevou pou DL
Peye sou Entènèt
Sèvis Lisans pou Kondi

Enfòme w!

Enskri w pou kapab resevwa yon kopi Tax Talk (Koze sou taks), ki se jounal nouvèl elektwonik nou.

Jou Ferye Biwo a Fèmen :

Lendi 28 me 2012
Memorial Day

Wè tout Jou Ferye 2012

Biwo Pèseptè Taks Gouvènman Lib Deklarasyon dwa moun (Bill of Rights)>